ChildrensCreoleBooks: Children's Books and Stories in Haitian Creole, English, French etc

@Chandesperans

Friday, December 30, 2011

Nimewo 45 “Echo Des Elus”: Jezu va woule wòch la (Jézu va roulé ròch la)

Nimewo 45 “Echo Des Elus”: Jezu va woule wòch la (Jézu va roulé ròch la)

Dedikas / Dedication:

**As Requested by Marie Raymonde Jeudy....(Thanks for your request!)**

Mwen pa kapab bliye ki kote-m te ye
Lè Jezu te jwenn mwen lavi-m te chanje
Se pou sa m-ap chante paske li sove-m
Si satan vle bare-m ma va rele Jezu


Jezu va woule wòch la
Ki vin bare-m nan mòn nan (3 fwa)
E-m konnen yon jou sa va chanje

Mwen pa jamè bliye ki jan sa te ye
Lespri-m te boulvèse paske-m te mare
Lè-m vin jwenn ak Jezu tout bagay chanje
Wòch la te mèt bare-m Jezu va delivre-m
Pafwa-m konn ap kriye devan pwoblèm yo
Mwen desann sou jenou m’ap rele Jezu
Mwen tande vwa Jezu kap pale avè-m

Li di mwen pran kouraj tout bagay va chanje
Si ou santi ou tris e dekouraje
Ou leve wap kriye ou pa gen espwa
Ou mèt jwenn ak Jezu la konsole ou
Wi se li menm ki di li va woule wòch
Ou te mèt òfelen ou pa gen sekou
Out e mèt meprize ou pa gen zanmi
Si ou se zanmi Jezu ou gen tout bagay
La vi ou te mèt tou nwa yon jou sa va chanje

No comments:

Post a Comment