1. Mouin biin Kontan Ke Papa Mouin nan Sièl,
Pale nan liv li, pou di li rinmin-m
Nan parol li, m jouinn anpil bèl bagay;
Sa ki pi bèl, sè ke Jezu rinmin-m
Kè: Ala m kontan ouè Jezu rinmin-m,
Jezu rinmin-m, Jezu rinmin-m
Ala m kontan ouè Jezu rinmin-m
Jezu rinmin-m tout tan
2. Minm si mouin blie-l, pou-m pèdu chemin,
Ninpòt ki kote m-ale, li rinmin-m
Ma tounin kay li, kache-m nan bral-l yo
Lè m a sonje ki jan Jezu rinmin-m
3. Jezu rinmin-m e m-konnin m-rinmin-l tou
Se amou li ki fè-l vi-n pou rachte-m
Se amou li ki te fè-l mouri tou
Donk mouin asure ke ke Jezu rinmin-m
4. Si moun ta mande-m kouman mouin konn sa,
Gloua a Jezu, mouin konnin sa trè biin,
Sint-Espri Bon Dieu pale nan kè mouin,
Pou temouagne ke Jezu rinmin mouin
5. Lè-m rive nan sièl la, nan bonte li;
Si se gnou sèl chan mouin kapab chante,
Min ki chan mouin pou tout letènite
Jezu rinmin-m, se bagay mèveye
No comments:
Post a Comment