ChildrensCreoleBooks: Children's Books and Stories in Haitian Creole, English, French etc

@Chandesperans

Saturday, August 13, 2011

99 ChanDesperans: Mouin Vle Rakonte Toupatou

99 ChanDesperans: Mouin Vle Rakonte Toupatou

1.
Mouin vle rakonte tou patou
Kòman Jezu rinmin mouin
Sou la tè li vini gnou jou
Pou li bay vi li pou mouin

Kè:

Se gnou bèl istoua n-ap rakonte
Jezu-Kri mouri pou nou
An nou chante, An nou adore
Gnou Roua ki si rinmin nou

2.

Mouin te pèdi, li sove mouin
Li te wè jan m-tap soufri
Ak bra li, li antoure mouin
Li pran mouin sou zepò li

3.
A biin souvan mouin akable
Lavi abat kouraj mouin
Min mouin pa pè Jezu toupre
Pou rekonfòte nanm mouin

4.
Toujou Jezu se sovè mouin
E kan lè a va rive
Pou-m ale ouè redanmtè mouin
Se avèk joua mouin prale

Lè Jezu mouri sou kalvè; Lè Kris mouri se te pou mouin - 100 Chan Desperans Kreyol

Lè Jezu mouri sou kalvè
Lè Kris mouri se te pou mouin
Mouin mande-m eske m-a konnin
Konbiin mouin doue, konbiin mouin doue

Konbiin mouin doue lanmou san fin?
Konbiin mouin doue ka Kris pou mouin?
Mouin konnin sa li fè pou mouin
Mouin pa ka di m konbiin mouin doue
2.
Sovè mouin nan Jètsemani
Te pase pi gwo agoni
Se pou mouin soufrans sa te ye
Kouman pou-m di konbiin mwen doue
3.
Se te amou li gin pou mouin
Ki fè-l soufri yon mò onté
Lè tout san kò li te koule
Li sove mouin, konbiin mouin doue
4.
Lè m-a rive nan sièl la tou,
Rete avèk li pou toujou
Mouin mèt pale di mil ane
Mouin pap fin di konbiin mouin doue